Lwanj pou Bondyé ak Lapè sou Latè: Mésaj nan Konvokasyon Ékumenik Entènasyonal ak Lapè

A Creole translation of the final message of the International Ecumenical Peace Convocation, held in Jamaica in May 2011

“M’ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou, pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M’ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen” (Efez 3:16-17).

Nou konprann lapè ak retablisman kòm yon pati endispansab nan lafwa komen nou yo. Lapè se relasyon etrwat nan lanmou, ak jistis, épi libèté ké Bondyé té akòdé tout èt imen nan Kris ak travay Sentespri a kòm yon kado ak vokasyon. Li réprézanté yon modèl vivan ki réflété lanmou Bondyé pou mond nan patisipasyon moun. Dinamik natirel lapè a ki tankou on vokasyon ak yon kado paka nyé égziztans tansyon ki genyen, li fòmé yon éléman intégran dé rélasyon imen, men li ka soulajé fòs déstriktif yo a nan poté jistis ak rékonsilasyon.

Bénédiksyon Bondyé pou konsilyatè yo. Manm Légliz ki nan Konsèy Légliz Mond yo té réyini jan yo pat janm té konn fè anvan, nan chaché mwayen pou yo adrésé vyolans ak réjté lagè an favè dé on “Lapè Jis”; établisman lapè ak jistis nan yon répons komen dé apèl Bondyé a. Lapè jis la invité nou pou-n jwen ansanm nan yon jounen komen é pou nou komèt tèt nou pou-n bati yon kilti dé pè.

Nou menm, prèské 1000 patisipan ki soti nan plis pasé 100 nasyon, nou jwen apèl yo ansanm nan WCC a, koté nou té patajé eksperyans Intènasyonal Ékiminikal Konvokasyon dé Pè (IEPC), yon rasanbléman dé Légliz Krétyèn yo ak rélijyon antéryè ki té dédyé yon pouswit Lapè nan kominoté a, Lapè ak Latè, Lapè nan maché a ak Lapè nan mitan pèp yo. Nou té rankontré sou kanpis Inivèsité Wes Indi a (Mona) toupré Kinnston, Jamayik nan 17 a 25 Mé 2011. Nou gen yon rékonésans pwofondè pou akèy nou jwen nan Jamayik ak tout réjyon Karayib la kité fè gran pwovizyon générèz ak éspas pou nou di Bondyé mèsi ansanm nan kwasans ak favè li. Nan anpil réyalité ké nou rankontré sou ansyen sit plantasyon sik la, kité raplé nou dé injistis é vyolans ésklavaj é kolyonyalis ak tout lòt fòm ésklavaj ki toujou yon gro épidémi toupatou nan mond la Jodi ya. Yo té infòmé nou pa défi sévè dé vyolans nan kontèks sa ak patisipasyon brav ké tout Légliz yo té mété nan lòd pou nou réponn ak tout défi sa yo.

Nou té poté inkyétid tout Légliz yo ak réjyon yo an Jamayik; nou té palé yon avèk lòt isit la; kounyé a, nou gen yon mo pou nou patajé avèk Légliz yo é mond la. Nou té rankontré yon ak lòt atravè étid Biblik, lapriyè komen nan anrichansman éspirityèl, éksprésyon inspiré dé atik yo, vizit nan ministè lokal yo ak lòt ajans sèvis yo, plényè, séminè, séyans, événman kiltirèl, sésyon lékti, yon délibérasyon ki nan yon ranj laj nan yon konvèsasyon pwofondè ak moun ki gen ékspéryans nan vyolans, injistis ak lagè. Nou sélébré réyalizasyon Dékad ékiminik pou simonté vyolans nan (2001-2010). Angajman nou té pwan an inspiré nou pou-n montré ké simonté vyolans la posib. Dékad pou simonté vyolans la té jénéré anpil bèl égzanp dé Krétyen yo kité fè yon diférans.

Kòm nou té rasanblé nan Jamayik, nou té vivman okouran dé événman nan mond la é toutotou nou. Istwa ki soti nan Légliz you fè nou sonjé résponsabilité lokal, pastoral é sosyal pou moun yo ki dwé jéré chak jou avèk chak pwoblèm nou té diskité yo. Tranbléman dé tè é sounami nan Japon té ogmanté késyon ki konsènan énèji nikléyè ak ménas sou lanati ak limanité. Institisyon gouvènmantal ak finansyèl fè fas a nésésité dé résponsabilité ké yo té pwan pou politik ki té échwé-a é impak dévas sou moun vilnérab yo. Nou témwen avèk inkyétid é konpasyon lit pou libèté, jistis é dwa imèn dé moun nan plizyè péyi Arab yo ak lòt kontèks koté moun brav yo lité san atansyon global. Lanmou nou pou pèp Izrayèl ak Paléstin yo konvenk nou ké jan nou kontinyé okipasyon dé yo a domajé tou dé pèp yo. Nou rénouvlé solidarité nou avèk pèp péyi divizé tankou Koréyen pénensil ak Chip, é pèp yo gen yon aspirasyon pou lapè é yon fen pou soufrans nan nasyon tankou Kolombi, Irak, Afganistan ak Gran Lak réjyon an Afrik yo.

Nou réyalizé ké Krétyen yo souvan gen konplisité nan sistèm vyolans, injistis, militaris, rasis, kast, intolérans ak diskriminasyon. Nou mandé Bondyé pou padonnen péché nou yo, é transfòmé nou kòm ajan dé jistis é avoka Lapè Jis. Nou fè apèl dé gouvènman an ak lòt gwoup pou sispann itilizé rélijyon kòm on prétèks pou jistifikasyon dé vyolans.

Avèk tout patnè nan lòt fwa yo, nou rékonèt ké lapè sé yon valè dé baz nan tout rélijyon, épi pwomès lapè a bay tout moun yon ékstansyon kèlkéswa tradisyon an ak angajman yo. Atravè dyalòg rélijyon antéryè ya, nou chaché yon téren komen avèk tout rélijyon nan lémond.

Nou té inifyé nou nan aspirasyon-n ké lagè dwé vinn ilégal. Nan lité pou lapè sou tè a nou té konfronté avèk diféran kontèks ak istwa. Nou réyalizé ké diféran Légliz é rélijyon poté divès pèspéktiv sou chimen pou lapè. Kèk nan mitan nou kòmansé té wè konvèsyon pèsonèl é moralité, akséptasyon lapè Bondyé nan kè yon moun kòm baz pou mentni lapè nan fanmi, kominoté, ékonomi, menm jan nan tout latè é nasyon yo nan mond la. Kèk té éstrésé bezwen pou fokis an prémyé sou sipò mityèl é koréksyon nan vant kò Kris la si pou lapè ta réyalizé. Kèk ankourajé angajman Légliz yo pou élaji mouvman sosyal ak témwanyaj piblik dé légliz la. Chak apwòch gen mérit; yo pa mityèlman esklizif. Anfèt, ansanm yo fè pati inséparab. Menm nan divèsité nou an, nou ka palé ak yon sèl vwa.

Lapè nan kominoté:

Légliz yo aprann dé konplikasyon Lapè Jis la kòm nou tandé dé plizyè injistis ak oprésyon kap travay ansanm nan lavi anpil nan yo. Manm nan yon fanmi ou kominoté kapab maltrété é pézé yon lòt moun tou. Légliz yo dwé édé nan idantifyé chwa chak jou yo ki ka fini abi é pwomouvwa dwa imen, jistis sèks, jistis klima, jistis ékonomik, inité é lapè. Légliz yo bézwen kontinyé konfwonté rasis é kast kòm réyalité dézimanizan nan mond Jodi a. Konsa tou, vyolans kont fanm ak timoun dwé nomé kòm péché. Éfò konsyans oblijé gen intégrasyon konplè dé diféran moun ki kapab. Pwoblèm séksyalité ya divizé légliz yo, sé poutèt sa nou mandé WCC pou kréyé yon éspas ki an sékirité pou adrésé pwoblèm divizyon dé séksyalité imèn nan. A chak nivo, légliz yo jwé yon wòl nan sipòté é pwotéjé dwa objéksyon konsyans, é nan asiré azil pou moun ki opozé é rézisté militaris ak konfli zam. Légliz yo dwé lévé vwa komen yo pou pwotéjé frè ak sè nou yo ki nan Kris ansanm ak tout lòt moun ki sibi diskriminasyon ak pèsékisyon sou teren rélijyon intolérans. Édikasyon lapè dwé pwopajé nan sant chak kourikoulòm lékòl, séminè ak inivèsité yo. Nou rékonèt kapasité jenn yo nan mentni lapè é apèl nan légliz yo pou dévlopé é ranfòsé rézo pou ministè Lapè Jis la. Légliz yo jwenn apèl pou yo alé an piblik avèk inkyétid yo, pou yo palé vérité dépasé miray pwòp tanp yo.

Lapè avèk Latè:

Kriz anviwomantal la sé yon étik pwofondè é yon kriz éspirityèl dé imanité. Rékonèt sa domaj aktivité imènn nan fè sou Latè, nou rédéklaré angajman nou dé intégrité kréyasyon é mòd lavi kotidyen li mandé ya. Enkyétid nou pou Latè ak enkyétid nou pou imanité maché men nan men. Résous natirèl ak machandiz komen tankou dlo yo dwé patajé nan yon fason ki jis épi dirab. Nou jwenn ak sosyété global sivil nan ékzòté gouvènman an pou-l rékonstwi radikalman tout aktivité ékonomik nou yo anvè objéktif yon ékonomi ékolojik ki dirab. Itilizasyon vas gaz fosil la ak CO2 a dwé rédwi an ijans nan yon nivo kap kenbé chanjman klima-a limité. Dèt ékolojik dé péyi indistriyalizé yo résponsab pou chanjman klima-a, li dwé konsidéré lè émisyon CO2 patajé é planifyé pou jan adaptasyon dépans yo té négosyé. Katastwòf nikléyè nan Fukushima pwouvé nou yon fwa ankò ké nou dwé sispann dépann sou fòs nikléyè a kòm on sous énèji. Nou réjté éstratéji tankou pwodiksyon gaz agrikòl ki blésé pòv yo an konpétisyon avèk pwodiksyon manjé.

Lapè nan maché a:

Ékonomi global la bay plizyè égzanp souvan sou vyolans éstriktirèl kap victimize yo pa atravè itilizasyon zam dirèk oswa fòs fizik, men nan akséptans pasif jan mizè jénéralizé, komès disparité é inégalité nan mitan klas ak nasyon yo. Nan kontras, pou nou pa antravé kwasans ékonomik la menm jan sistèm néyolibéral la anvizajé, Bib la siyalé yon vizyon dé vi an kantité pou tout moun. Légliz yo dwé aprann fè avoka pi an éfikas pou égzékisyon konplè sou dwa ékonomik, sosyal ak kiltirèl kòm fondasyon pou “vi ekonomi yo.”

Li sé yon éskandal pou valè lajan ki dépansé nan bidjè militè ak nan pwovizyon bay zam pou alyé é komès zam nan menm, pandan ké lajan sa bézwen an ijans pou détwi povwété alantou glob la, é fè fon a yon réoryantasyon résponsab ékolojikman ak sosyalman pou ékonomi mond la. Nou ékzòté gouvènman mond sa pou pwan yon aksyon imédya pou rédirijé résous finansyèl yo sou pwogram kap dévlopé lavi olyé dé lamò. Nou ankourajé légliz yo pou adopté éstratéji ki komen nan diréksyon pou transfòmé ékonomi yo. Legliz yo dwé adrésé pi éfikasman konsantrasyon irésponsab dé pouvwa ak richès menm jan ak koripsyon dé maladi. Étap pou pwan vè ékonomi jis é dirab enkli règ ki pi éfikas pou makèt finansyèl la, entrodiksyon taks nan tranzaksyon finansyèl ak rélasyon komès jis.

Lapè nan mitan pèp yo:

Istwa, éspésyalman nan témwanyaj légliz lapè istorik yo, fè nou sonjé léfèt ké vyolans sé kontrè dé volonté Bondyé é sa pap janm rézoud konfli. Sé pou rézon sa ké nou dépasé yon lagè jis anvè yon agajman dé Lapè Jis. Li mandé yon mouvman ki soti dé konsèp sékirité nasyonal pou sékirité tout moun. Sa vlé di yon r’esponsabilité pou prévni jou an jou, ki pou fè évité vyolans dépi nan rasin. Anpil aspè pratik nan konsèp Lapè Jis la mandé pou diskisyon, entèlijans ak ansèyman. Nou kontinyé lité avèk kouman pèp inosan yo ka jwenn pwotéksyon kont lagè injis ak vyolans. Nan limyè sa, nou lité avèk konsèp “résponsabilité pou pwotéjé” ak jan détounman an posib. Nou mandé an ijans ké WCC ak tout kò rélasyon-l yo klarifyé plis sou pozisyon konsènan règléman sa yo.

Nou défann dézaméman nikléyè total ak kontwòl pwoliférasyon ti zam piti yo.

Si sèlman nou ozé nou, nou menm légliz nan pozisyon pou nou anséyé non-vyolans a tout sa-k gen pouvwa yo. Paské nou sé disip yon moun kit é vini tankou yon ti bébé san défans, ki t’e mouri sou Kwa-a, li té di nou pou-n mété épé nou yo sou koté, li té anséyé-n pou nou renmen lenmi nou yo épi li té résisité vivan nan lanmò.

Nan vwayaj nou anvè Lapè Jis la, nouvo ajanda entanasyonal la sé yon ijans ékstrèm paské danjé antouré nou. Nou fè apèl an gwo sou mouvman ékimikal al, sitou ak moun kap planifyé Asanblé WCC 2013 nan Busan, Koré avèk tèm ki di “Bondyé ki bay lavi-a, kondwi noun an jistis ak lapè”, pou nou fè Lapè Jis, nan tout dimansyon, yon klé priyorité. Résous tankou Apèl Ékiminikal dé Lapjis (ECJP) ak Konpayon dé Lapè Jis kapab sipòté vwayaj san an Busan.

Tout lwanj ak granmèsi pou ou, O Bondyé Trinité: Glwa pou ou, épi lapè pou pèp ou sou late. Bondyé ki bay lavi-a, kondwi noun an jistis ak lapè. Amen.

— Translation by Founa Inola Augustin, All Things Founa, P.O. Box 681247, Miami, FL 33168.

[gt-link lang="en" label="English" widget_look="flags_name"]